Nou akeyi ou nan Krik Krak: Sante Mantal pou Adolesan Ayisyen ki ansent. Ayisyen jwi yon tradisyon ki la lontan avèk nou depi Afrik; sa vle di nou renmen tire kont. Se yon fòma Ayisyen rekonèt byen, epitou se yon fὁma ke Doktè Rahill te wè ki ka sèvi kὁm yon modèl pou yon entèvansyon ki apwopriye ak kilti kliyan Ayisyen yo. Pwojè sa-a se yon agrandisman travay nou déjà konn fè ak medam ki viktim kadejak nan Site Solèy. Medam sa yo souvan tonbe ansent apre zak “kadejak” brital ke plizyè moun te fè sou yo. Istwa medam sa yo te konn touche nou anpil e nou kontinye trete move efè eksperyans kadejak sa yo nan lavi yo. Nou gen anpil espwa ekip ekspè nou yo pral devlope entèvansyon Krik Krak la kòm premye nan anpil etap ki pral amelyore sentὁm depresyon ak twomatism ke medam sa yo ap sibi depi lontan.